Pwonon

Pwonon
Yon mo moun itilize pou ranplase non yon moun lè yo ap pale ou byen lè yo ap ekri pou evite repete menm non an plizyè fwa. Mo moun mete devan lòt mo pou fè konprann ki moun ki ap aji. Men ki pwonon ki genyen nan lang Kreyòl la: Mwen, pou moun ki ap pale a; Ou, pou moun yon moun a pale avèk li e pou plizyè moun lè moun ki ap pale a pa nan gwoup la; Li, pou moun yon moun ap pale de li; Nou, pou plizyè moun lè moun ki ap pale andedan gwoup li ap pale de li a; Yo, pou plizyè moun lè ni moun ki ap pale a ni moun li ap pale avèk li a pa nan gwoup li ap pale de li a.

Definisyon 2500 mo Kreyòl. 2010.

Игры ⚽ Нужно решить контрольную?

Regardez d'autres dictionnaires:

  • Li — Yon pwonon moun itilize lè yo ap pale avèk yon moun de yon lòt moun pou evite repete non lòt moun nan plizyè fwa. Pase je sou yon tèks pou konprann sans li …   Definisyon 2500 mo Kreyòl

  • Mwen — Yon pwonon ki ranplase moun ki ap pale a …   Definisyon 2500 mo Kreyòl

  • Nou — Yon pwonon ki ranplase yon yon gwoup moun. Plizyè moun ansanm. Moun ki di, Nou, rantre nan gwoup moun nan tou …   Definisyon 2500 mo Kreyòl

  • Ou — Yon pwonon. Moun itilize li pou pale dirèkteman avèk yon moun. Ou byen, De mo moun itilize ansanm pou di si se pa yon bagay se yon lòt bagay …   Definisyon 2500 mo Kreyòl

  • Vèb — Anpil mo nan yon lang moun kapab mete pwonon devan yo pou fè konnen ki moun ki ap fè sa mo a vle di a. Men tout fason yon moun kapab itilize yon vèb tankou, Fè. Yon moun ki ap pale de tèt li kapab di: Mwen fè… Yon moun ki ap pale avèk yon lòt… …   Definisyon 2500 mo Kreyòl

  • Yo — Yon pwonon moun ki ap ekri ou byen moun ki ap pale itilize pou yo pale de aksyon plizyè lòt moun lè ni moun ki ap pale ou byen ki ap ekri a pa patisipe nan aksyon an …   Definisyon 2500 mo Kreyòl

Share the article and excerpts

Direct link
Do a right-click on the link above
and select “Copy Link”